A  B  C  D  E  F  G  H  I  J  K  L  M  N  O  P  R  S  T  U  V  W  Y  Z  
In this theme theme []Ti kochon pa janm fè pitit ak tcheJan chèche, Jan twouve, Jan anbaraseSa zye pa vwè, kè pa tounenSe pa tout pyebwa ki gomyeSi fè pa t koupe fè machòket pa t ap vivPitit mouri nan men manman l pa gen repwòchPitit tig se tigBondye chase mouch pou bèf san kePoul pa kapab vante bouyon yoPa bliye gran chemen pou chemen travèsYon avantaj bab e moustachNonm mele pa fè konvwaMove sizo gate bon twalLajan pa BondyeSa manman ti chat konnen, manman ti rat konnen l touPitit se baton veyèsJako mòn pa kondui jako lavilW ap sèvi pè, ou kite pitit ou mouri chevalDe mal krab pa rete nan menm twouGen yon jou pou chasè, yon jou pou jibyeMoun lespri pap viv si pa gen moun sòtTanbou prete pa janm fè bon dansManman pitit di patat la chè, grangou di se bobinMwen vin tire bèf, mwen pa vin konte voEde tèt ou pou Bondye kapab ede ouPa joure manman kayiman toutan w pa fin pase la rivyèRele chyen papa pou zoJe wouj pa boule kayOu kapab pèd savon a w lè ou lave tèt a nèg sòtKòk kapab pòte zepwon, li pa kavalye pou saLamizè fè makak monte zakasyaLè manman nan kuizin, ou ranje kouvèSa ki ba ou konsèy achte cheval gwo vant nan tan lapli pa ede ou nouri li nan tan sèkPitit malere "maledve"; pitit gran nèg "mal apri"Premye kouche gannye kabannLè manman poul ponn, li pa janm bliye nich liPrese kou w prese, twò prese pa fè jou louvriPitit malere malelve, pitit granèg malapriPye bèf pou pye bèf, m ap pran li kay pratik pitoSa foumi genyen, se sa l bay pitit liLakay kamarad pa nan macheBon cheval vann dèyè do manman lOu joure manman kayiman, lè w fin janbe dloSe bon kè krab ki fè li san tètSe pa tout lè Magerit ale nan mache pou li pote bèl siwoGalta Bondye toujou plen vyannVòlè vòlè vòlèZandollit pa janm mete pantalon mabouyaKote ki gen siwo, se la mouch reteBondye konnen bay li pa konnen separeImite kapab detennLè w pa konnen, ou kapab ap chèche pote dlo nan pànyeMadichon ou bay bèlmè w, se manman w li riveManman chyen pa janm mòde pitit li jis nan zoTi rach koupe gwo pyebwaManje ou plis renmen se li ki kapab trangle wNan konpayi diri, ti wòch goute grèsLang ak dan kapab facheOu jis dèyè kamyonèt laSi zandolit te bon vyann, li pa t ap drive atèBèlmè kapab ba w bon kalalou, pa kwè li bon manman pou saKannòt kraze, anbakadè toujou laSa manman chat konnen, manman chat konnen li touSouke tèt pa kase kouPa konte ze nan vant poulKreyon Bondye pa gen gòmLawonte lou pase sak sèlGran moun se remèdSak vid pa kanpeTout sa ou pa konnen pi gran pase ouPa konnen moveLi pa pitimi san gadòChodyè prete pa bouyi pwa sèchLanmò manman se kout tafya yon lòtPitit ki pa kriye pa bezwen teteSe kòd lianm ki mare yanmChak gòje (gòjèt) dlo yon poul pran, li leve tèt li pou l di Bondye mèsiSi mwen te konnen' toujou dèyèBèf san ke, Bondye pouse mouch pou liBondye bonChemen lwen, gonbo diKi bon frize te bon konsa pou li fè pitit li pou l rele l FrizelyaKonnen twòp fè krab mouri san tètPa koke makout pi wo pase kote men ou kapab riveSi ou pa t ap fiske lesyèl, ou pa ta wè tan kouvèMove pitit sèvi nan move jouOu pa kapab kouche sou nat pou ap pale nat malRann sèvis kapab ba maldoMò pa janm konnen pri draNanpwen gato san ze pa kasePawòl an bouch pa chajBèl kou soulye bèl se atè pou li macheLè nen pran kou, je koule dloLè chandèl mouri, chandelye dore pa kapab klereMaladi pa konn vanyanPoko rele la marye twò bèlYo pa achte moso manman nan macheFò w pa file kouto avan w kenbe kabritSe avèk siwo yo pran mouchSimityè pa janm refize vyannFamn se kajou: plis li vye, plis li bonSa manman genyen, se sa l bay pitit liKal pwason pa lajanKòdonye fè soulye, li mache pye atèSe soulye ki konn si chosèt gen twouAkoz diri ti wòch goute grèsBondye pouse mouch pou bèf san keCharite kapab kòmanse lavil anvan li monte nan bitasyonKonnen twòp pa bonOu konn kouri men w pa konn kachePapa pitit toujou gen tach sou kanson lPawòl nan kè pa gen ènmiDe mòn pa kontre, men de moun kapab kontrePa janm jete zwazo mouri pou w ale dèyè sa ki vivanSe jou babye ou konnen pawòl kacheSe moun ki pran kou ki pare kouBon mache kapab koute chèChay pa janm twòp pou mèt liFòk ou dòmi ak Jan pou w konnen jan li wonfleJeneral kapon ak jeneral pridan se deMaladi kache pa jwenn remèdSa w t ap chèche anlè, ou jwenn li atèEgui ap travay tout semèn nan, tandiske se epeng k al nan nòs samdiLè poul bwè dlo, li pa kapab bliye di Bondye mèsiSe avèk mizik yo pran nègTout sa ki ekrri pa levanjilAtake pa difisil, se retrete ki rèdKreyòl pale, kreyòl konprannMarengwen pa vle tande yo di l mègZye kreve pa anpeche kòk kontinye goumenDeyò pa bezwen konnen pwoblèm lang ak danMalere pa gen gwo kèMari moun se ji chadèk, pa kite l anmè nan men wNan tan grangou, patat pa gen poSi ou koute kout pete nan bouda ti mal w a ba li chay li pa kapab poteFè atansyon pa anpeche malè rivePale mal se nouriti a zòrèyBondye pa bòpèBondye padone, nèg pa padoneMalere pa dezonèNèg di san fè, Bondye fè san diPoul ki chante, se li menm ki ponnDwèt trese kòd, kòd mare braLè w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ouTout sa w vle pou moun fè pou ou, ou menm tou ou dwe fè li pou yoPita pi trisTi bourik pa kouri pase manman lPiman pa bezwen vante fòs liSa Bondye sere pou ou, lavalas pa kapab pote li aleZèb ou pa vle leve nan janden w, leve devan pòt kay ouAsasen toujou pè koutoPòt tè pa goumen ak pòt fèSe daprè tete yo kapab taye kòsajKoulèv ki vle viv pa kapab kouri gran chimenSe lè van soufle ou wè dèyè poulTout pawòl pa bon pou repeteJaden pa janm chich pou mèt liKapon antere manman liPi bonè se gran matenTande ak wè se deOu wè sa ou genyen, ou pa konnen sa ou reteAfon pa fè w gen pitit li fè w gen pa wFlèch palmis pa fiziKote poul grate, se la li kapab vivSe vye chodyè ki kuit bon manjeChak jou pa dimanchChyen grangou pa jweRantre pa ayen, se sòti ki mètChik pa janm respekte pye gwo mouchePitit se richès malereMoun pa w se draFò w pa di lamarye twò bèlLè ou krache anlè, li tonbe sou nen wNan benyen tou touni, pa gen kache lonbrik Grangou se mizè, vant plen se trakaPito pitit kriye manman pa kriyeBourik fè pitit pou do l pozeDan pa konnen mizèSòt pa tiye, men sòt fè sweTout venn touche kèFò w manke nwaye pou w aprann najeMatlasye fè matla, li dòmi atèSe mèt kò ki veye kòSòti an sann tonbe an difeAne pase toujou pi bonJan ou abiye pitit ou se konsa li rantre leglizMalè ou vle rive bèlmè w, se manman w li kapab riveZegui pa debouche tèt yoMalere se visSe manjè ze w ye, ou pa konn doulè manman poulSi rat pa t konnen sa li kapab fè lannuit, li pa t ap kache lajounenPoukisa ou bezwen konnen poukisa poul pa leve pye li pou li piseTout pwason kapab manje moun men se reken sèl yo blameEnterè pa kreve pòchGrenn pwomennen di li tande anpil bagay, bwa pi wo di sa l wè, se pa paleKannari kapab di chodyè fès li nwèLè w manje pitit tig, ou pa dòmi diLavi long se plis lespriSi kayiman pa t santi gòj li gran, li pa t ap manje kalbasVant plen di: Gwayav mi gen vè. Vant vid di: Kite m wèLè nèg razè, se lè a li pi bwòdèPousye pa leve san vanTout bèt di yo gra, lanbi di: mwen menm touOu fè pitit, ou pa fè kè yoSe bon kè krapo ki fè li san tètPawòl se vanTi grenn fè gwo pyebwaFoufou fou men nich li pa fouLè yon bèt konnen li gen ke, li pa kapab janbe difeSi w pa manje salopri, ou pa al nan nòs GligliVye manman pare pou zepina, zepina pare pou vye manmanFezè nat fè nat men li dòmi atèZandolit taye, mabouya koudKabrit ki pa malen manje nan pye mònSi w gade sa poul ap manje, ou pap janm manje poulDlo pa kapab monte mònOu pa ale nan lagè san zamAnvan ou monte bwa, gade si ou kapab desann liSèl pa bezwen di li saleBò papa se petèt, bò manman se sètenPwason nan chodyè pa pè pimanLò ou krache atè, li tonbe sou nen ouW ap kabicha pou w manje manje moun chichLè marengwen mòde ou sou nen, men ou pa kapab tape li fòLè w an devenn, po patat kapab koupe pye wSe bon kè a krab ki fè li san tèt
Check out this video from @creole101 #creole101
...

Tradiksyon & definisyon

Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.

...

Ti liv Reina pou timoun

Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!