Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Malere pa dezonè

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3033 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Malere pa dezonè

a) Malere pa fè ou wont pou sa. b) Se pa paske ou malere pou wont (tèt ou pou) sa. c) Ou pa bezwen wont poutèt ou malere.

Lavi malere se mistè

Santiman malere yo enkonpreyansib. Nou p'ap janm ka konprann kijan moun ki vrèman pòv yo reyisi siviv. Soti nan Tonton Libin

Tout vye vis se pou malere

Tout vye vis ak move abitid se sou malere yo yo ye.

Kòlè malere pa janm long

Malere nan bezwen ki donk li pap fache pou lontan paske l ap difisil pou l jwenn sal bezwen an.

Malere pa gen gwo kè

Malere pa nan bwòdè

Pòv yo pa patisipe nan "fè grandizè". "Pòv yo pa ka chwazi manje."

Malere pa vye chyen

Yon moun pòv se pa sèlman yon vye chen.

Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete

Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, E Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. Pwovèb 19:17 Tradiksyon Monn Nouvo