Creole101 Logo

✍ Powèm

Poukisa

Maggy Reed

👁 588542 gade Lanmmou ak maryaj
Poukisa?

Woy! men kè m ap rete
M paka kwè toutbonvre nou kite
E m te gentan fin gate
Chak jou m chita m ap kalkile
Èske sa pa ka chanje?
Atò se si selman m te konnen sa l ye
Lè m sonje ti koze n te konn pale
Jan mwen ak ou te abitye
Nan je ou m te konn kontanple
Jan ou te konn gade m
Nan tandrès ou lè w te konn manyen m
Woy! m pa ka sipote
Cheri poukisa n te kite?
Ann retounen.

(17-7-2006)
🎭 Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Èske sa a se lanmou?

✍ louis

Choukoun

✍ Oswald Durand

Kòmantè Facebook