Lakay kamarad pa nan mache
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Sa ki rete kache nan kè m pèmèt mwen dòmi lakay mwen anpè. Kenbe pyèj ou fèmen, epi ou p ap nan pwoblèm.
Lakay dous lakay.
Li pi bon/preferab pou kwa a al lakay zanmi w; pou l pa al lakay ou. Li pi bon pou l rive yon lòt moun pase pou l rive w.
Lè w poko fini yon bagay nèt al kole pa prese bat bravo ak bay felisitasyon.
Menm kay yon zanmi p'ap janm pwòp kay yon moun. JB Romain.
Pòv vizite rich, rich pa vizite pòv. Moun ki nan bezwen, al jwenn moun ki genyen. Ti nonm lan al lakay gran nonm lan. "Pa gen sèlman de fanmi sou latè: moun ki genyen ak moun ki pa genyen." Sancho Panza .
Menm kay yon zanmi p'ap janm kay pa ou.
Li pi bon pou ou rete yon ti moun lakay ou pase pou ou rete yon grannèg lakay yon lòt moun.