Creole101 Logo

Proverbios de criollo haitiano

Creole Proverbs

Más de 6,000 proverbios en criollo haitiano, con explicaciones y traducciones en 4 idiomas. Cada visita muestra los proverbios más populares junto con nuevos para descubrir.

Se mèt kò ki veye kò

Proverbios de criollo haitiano Proverbio #4961 Creole101
🧩 Proverbios en el mismo tema

Otros proverbios en criollo haitiano similares al anterior.

Fòk pa bay chyen veye mantèg

Ou pa dwe bay yon chen pou veye bè a. Evite mete tantasyon sou chemen yon moun.

Pito yo bay veye barik rat pase yo bay veye yon tifi

Sa fè konprann veye ti fi andan kay sa pa ditou fasil.

Ou pa t bay chyen kanson, ou pa ka veye chita l

Yon moun ou ki pa t ede w pa kapab oblije veye aktivitew ni pale nan afèl non plis.

Veye zo w, veye lòt la

File kouto, men veye dwèt ou

Esplikasyon yon moun k ap fè yon sèvis pou l pran pekosyon nan jan l ap fètravay la.

Pito yo ba ou veye yon barik rat pase yo ba ou veye ti fi

Li pi bon yo ba ou pou veye/kenbe yon barik rat pase yo ba ou pou veye tifi.

Lè w ap danse, veye makout ou

Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.

Se mèt kò ki veye kò

Yon moun ki gen yon bagay li ki dwe siveye l se sèten moun nan ap siveye l pi byen.