Deprecated: Creation of dynamic property Context::$subModule is deprecated in /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php on line 142
Pitit ou | Creole101 Powèm
Creole101 Logo

✍ Powèm

Pitit ou

Maggy Reed

👁 484882 vizit Fanmi
Pitit ou, pitit ou
Men se lè pou w leve timoun nan
Jan Bondye mande l lan
Poukisa w pantan? Se yon gwo envestiman.
Pitit ou se tankou
Rasin ou ki plante fon nan tè
Li menm rive pi fon pase lanmè
Sa a se yon gwo envestisman
Ki chaje ak anpil regleman
Oh oh poukisa w pantan?
Ou pa sonje respè ki te gen nan tan lontan?
Jan sa ap pase jodi an
Sa pa mande konpliman
W ap pèdi pouvwa w tanzantan.
Men se lè pou w leve timoun nan
Jan Bondye mande l lan
Men nou pa vle pratike enstriksyon an
Nou gen yon espri avègleman
M pa kache di w nan yon ti tan
Se nan men zanmi la pral pran antrènman
Epi pou Satan sèvi avè l kou yon enstriman
Ki fè toutan nan vant ou wap gen yon tranchman
M ap mande w wi, wi ou menm m ap mande
Kilè w ap deside pran otorite w lan
Pou w kase chenn nan
Chemn nan ki anpeche pitit la ak fanmi an viv jan Bondye mande l lan?
Enben se lè w al pote Letènèl plent pou ènmi an
Leve timoun nan jan Bondye mande l lan
Pitit ou, pitit ou.

(5-10-2005)
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Leson Gramè

✍ Georges Castera

Dous manman

✍ Carl-Henry Richard

Kòmantè Facebook


Warning: Cannot modify header information - headers already sent by (output started at /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php:552) in /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/ht/powem/powem-router.php on line 15
FATAL/SHUTDOWN ERROR:
Array
(
    [type] => 8192
    [message] => Creation of dynamic property Context::$subModule is deprecated
    [file] => /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/index.php
    [line] => 142
)


REQUEST_URI: /ht/powem/powem-6
SCRIPT: /var/www/vhosts/creole101.com/httpdocs/ht/powem/powem-router.php