Creole101 Logo

✍ Powèm

Kòmè Lasigal ak sò Foumi

Georges Sylvain

👁 1445 gade Animal
Chante, fò kwè se bagay ki
Dou nan lavi!
Mwen konnen moun sa deja fè
Bliye manje.
Atò, se sa menm ki rive
Kòmè Lasigal, mwa pase:
Kòmè te san manje, san bwè,
Depi de jou;
Sou dènye swè la, yon grangou
Mete dife nan kò kòmè.
Way! Li kouri kay Sò Fourni,
Yon vwazin li.
Frape: Ch! Kòw! Ki moun ki la?"
Se mwen, vwazin! Adye kòmè,
M ape mouri grangou!
Ou pa ganyen moso manje, fèy, flè,
Sa li ye, ban mwen?... Tan pri, chè!
Lò mache samdi va vini,
M a rann ou li."
Fourni, se yon bon kamarad:
Li pa pe janmen refize
Bwè avèk ou, ri, banboche,
Fè lapwomnad;
Men, kanta pou lonje lan men,
Se yon sistèm li pa renmen.
San louvri pòt li, li di: "Chè,
Kòman w fè kont ou, non, pou
Alè sa la, ou nan grangou?"
"Kòman mwen fè?
M ape chante depi de jou
Pou amatè, anwo Bèlè."
"Fi! don, ma fiy!
Ou pa wont vini di mwen sa?
Tounen kote w soti la
Danse kalinda!"
Vwazen miyò pase fanmiy
Se konsa moun lontan te di;
Men, tan pase pa tan jodi:
Alè kile, pa pale sa!
Tout koukouy klere pou je yo.
Mwen pa meprize syèk sa la:
Men, di mwen kilès ou pito?

Gade vèsyon fransè a La Cigale et la Fourmi
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Temwayaj lanmou m

✍ Nahissa B.P.

Lyon ak bourik

✍ Oswald Durand

Si l te avèti m

✍ Cathie La Poetesse

Leson Gramè

✍ Georges Castera

Pouèl fanm

✍ Georges Castera

Lè m te damou w

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Nan zòn lakay

✍ Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

Kòmantè Facebook