Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Chemen lwen, gonbo di

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #816 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Chyen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè

var: a) chyen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'chyen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) chyen kat pat mache nan yon sèl chemen.

Chemen kabrit pa chemen bèf

Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.

Chemen bouton se chemen maling

Ti bagay piti yo se yo k ap vin gwo.

Pye nan gran chemen, chouk nan gran chemen

Depi nou sou chemen lavi a, gen obstak ki fè nou bite.

Pa bliye gran chemen pou chemen travès

Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?

Chemen ti bouton se chemen gwo maleng

Yon ons prevansyon vo yon liv gerizon. Hall 1953 ekri Ti bouton se chemin gwo maleng .

Ganmèl ou twouve nan chemen, se nan chemen ou va pèdi li

Fasil vini, fasil ale. Pa gen anyen nou akeri ki vo plis pou nou pase sa li te koute nou.

Chemen bouton se chemen maleng

Mal ka toujou mennen nan pi mal.