Jan ou abiye pitit ou se konsa li rantre legliz
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se w ki pou bay pitit ou valè devan sosyete a nan jan ou sèvi ak li.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Moun peyi pa janm konnen anyen. "Moun peyi Ayisyen yo toujou di yo pa konnen, menm lè yo konnen." Peyizan yo fè tankou yo pa janm konnen.
var: kon, kou. s: jan, fason <br>par: Bourik mèt fè santan nan lekiri, li pa gendwa tounen cheval.
Pou montre ki jan yon moun ka moun nèt al kole lè l ap viv nan sosyete.
Zafè leta pa janm yon ti bagay. "Zafè leta a / Yon gwo zafè pa janm piti."
Pwòp biznis yon moun toujou gen yon enpòtans kapital pou li.
Pandan w ap manje apeti a ap vin. "Kòmanse l epi tout bagay ap anfòm."
Lanvi pou lò transfòme anpil moun an bèt.