Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “jwenn”
← Tounen nan lis prensipal la
Se lè boutèy fin plen, bouchon jwenn

Se lè boutèy la plen, bouchon an jwenn/ resevwa /goute likid la. Se sèlman lè moun rich ak moun ki gen pouvwa yo jwenn tout sa yo vle, pòv yo jwenn yon ti kras tou.

Si kalfou pa bay, simityè pa jwenn

Si kafou a pa bay moun pase, simityè a p ap jwenn kadav la. Si pwòp moun pa w yo pa trayi w, moun deyò p ap ka rive jwenn ou. Trafik la danjere nan kafou yo - si ou rive pase la, ou p ap gen danje. Kafou = Legba; Cimitye = Bawon Samdi .

Lè malfini vòltije, si li pa jwenn plim li pran pay

var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.<br />exe: Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. &apos;Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay&apos;. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li.&quot; &quot;

Yon je pa je

Yon sèl je/pitit se pa yon je/pitit ditou. “Pa kontante w ak yon sèl bagay/pitit ou genyen; ou ka pèdi l. Eseye jwenn yon lòt.” Eseye jwenn plis pase yon opinyon.

Se anba tè ou jwenn min

Pawòl sa se ankouraje moun k ap travay di epi li konseye sila yo ki pa vle travay plis w ap travay plis ou ka vin rich.