Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Nan bay kout men, ou jwenn kout pye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3418 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Nan bay kout men, ou jwenn kout pye

Yon moun k ap ede yon lot epi li jwenn move rezilta sètadi moun l ap ede a leve kont li.

Ri moun kout, men pa ri moun toutouni

Ou ka ri nèg ki kout la paske l ap toujou kout, men nèg ki pa gen kòb la ka rive yon jou.

Nan goumen, grafonyen se kout zong

Nan batay, menm yon grate se yon kou/kout zong.

Kout manchèt nan do, sa pa fè mal

Yon kou machèt nan do m – sa pa fè m mal. “Nenpòt sa w di nan do m pa boulvèse m.”

Gran mèsi chyen, se kout baton

Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.

Gremsi bannann, se kout gòl

Sèl remèsiman plantasyon an jwenn se yon kou ak yon poto.

Kout manchèt nan dlo pa kite mak

Lè yon moun vle kouche ak yon moun e li vle pou maril pa konnen yoli itilize pawòl sa yo.

Pye kout pran devan

Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.