Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Se nan kase mayi ou jwenn bougon

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4987 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Kannari kase anbarase lasal

Bokal kase a se yon wont pou salon an. Debarase w de li.

Zanno ki kase nan sak, grenn li pa pèdi

Zanno ki kase nan sak la, pa menm youn ka pèdi. "Si ou nan bon plas la, ou pa bezwen enkyete w. Ou ap gen pwoteksyon w."

Lè w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou

var: Lè w an devèn, lèt kaye kase tèt ou.

Pa kapab fè omlèt san kase ze

Toussaint te itilize yo lè li te oblije detwi Kap Ayisyen an 1802.

Sekwe tèt pa kase kou

Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.

Lè malè dèyè ou, lèt kaye kase tèt ou

Lè malchans ap dèyè ou, lèt tounen/brit kase tèt ou.

Kote ou kase pye ou, se la pou ou siye san ou

Fè yon bagay touswit - se tan olye de plas ki enpòtan isit la - RD.

Lè ou an devenn, lèt kaye kase tèt ou

Lè ou nan move chans, nenpòt bagay ka rive ou.