Jou malchans lan fetich la pa mache/pa sèvi. Malè pi fò pase maji.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa sèvi prèt la epi kite pitit ou mouri tankou yon chwal pou move lespri a. “W ap sèvi prèt la; pitit ou a dwe batize.”
Yon moun ki pèdi lòlòj li ki derefize rann sèvis ak moun ki pwòch li.
Pa atann mwen pou m ranplase w lè move moman yo. Lè bagay yo te bon ou pa t gen tan pou mwen.
Li wont, li sèvi ak kòlè. “Pou l kache wont li a, li vin fache.”
"Se ti bagay yo ki konte."
Jan w sèvi ak mwen k ap montre ki jan poum sèvi ak ou tou.
Moun sèvi ou, men yo pa chen ou pou sa. "Lè yon moun ap sèvi, li pa chen ou pou sa."
Yon moun ou ka bezwen fòk ou pa meprize l fok ou pa voyel jete byen lwen paske yon joul ka sevi.
Se w ki pou bay pitit ou valè devan sosyete a nan jan ou sèvi ak li.
Gen de bagay ki pa reprezantab nan la sosyete lè w bezwen pou seviw se enposib pou sèvi ak li.
Pou egzote yon moun k ap sevi mal ak timoun. osinon pou pa ta pini yon timoun pou nenpot ti bagay li fe.
Zòrèy yo pa pi lou pase tèt la. Se yon bagay ridikil pou pale san reflechi sou moun, pou eseye enfliyanse yo lè w sèvi ak egzanp yo pa ka konprann.
Moun ki kontribye nan koz la san yo pa reyèlman goumen ladan l, yo sèvi tou.
Zòrèy yo pa ta dwe pi wo pase tèt la. " Tèt ou ta dwe di ou pou ou koute granmoun ou yo." Sèvi ak tèt ou pou sa w ap tande. Chèche verite a nan paswa.
Lè ou pa sèvi ak tèt ou, ou soufri.
Yon moun ki gen nesesite pa sèvi ak fatig ou maladi pou l ta al chaje sal gen bezwen an.
Frape bèt la, men kenbe chay li. “Sèvi ak baton an pou bèt la, men ede l lè w kenbe chay ki sou do l la.” - men tcheke chay la. Pa fè twòp.
Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."