Fè wont sèvi kòlè
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Je yo wont lòt je. Lè ou konnen moun ap gade ou, gen bagay ou pa fè.
Vòlè a pa wont, men fanmi an wont. “Sa pa vle di anyen pou vòlè a, men sa vle di anpil pou paran l.”
Li wont, li sèvi ak kòlè. “Pou l kache wont li a, li vin fache.”
a) Malere pa fè ou wont pou sa. b) Se pa paske ou malere pou wont (tèt ou pou) sa. c) Ou pa bezwen wont poutèt ou malere.
Yon kote ou gen respè osinon yo ta fè w malonèt se la malè rive epi w pa jwenn mwayen pou sòti.
Lè yon moun gen respè pou yon bagay koz sa a ap fè l soufri.