Chak makak sèvi ak ke li jan li kapab
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. <br />Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. <br /><i>varyasyon</i>: Chak koukouy klere pou je l.
Gen yon skelèt nan chak klozèt. Chak chemen gen yon ti dlo. Chak jou gen nwit li. Chak limyè gen lonbray li.
Chak moun gen pwòp lide pa yo. Chak nouvo rejim politik gen pwòp pèp pa li.
Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.
Chak moun fou gen pwen fèb li nan pastan li.
Chak pen gen kalite fwomaj pa l / kalite fou pa l . Pou chak moun pa l.
Chak kretyen vivan gen kalamite pa yo pandan w ap viv sou tè.
Chak moun nan la vi gen kapasite pa l yo pa souvan sanble.