Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Lis pwovèb kreyòl ki kòmanse ak lèt “D”
← Tounen nan lis prensipal la
Dan mòde lang

Sa k rive nan konfli domestik - yon pati nan Tout la blese yon lòt pati nan menm Tout la..

Dan pa kè

Yon moun k ap viv nan ipokrizi li montre l ap viv ak ou poutan se pa vre.

Dan ri danje

Dan ri lè gen danje. Dan ri lè gen malè. "Ayisyen an ri menm lè li ta dwe kriye."

Dan ri malè

Dan ri lè gen danje. Dan ri lè gen malè. "Ayisyen an ri menm lè li ta dwe kriye."

De chodye gra anbarase yon chyen mèg

De chodyè/ chodyè ki byen gra/plen ak grès anbarase yon chen mens/mete yon chen mens sou plas pou l chwazi. "Wè de bèl fi mete yon nonm nan yon pozisyon difisil."

De je pa koupe bwa kwochi

De je/de moun pa koupe pyebwa kwochi a. "De moun ap pale sèlman de nesesite pou koupe yon pyebwa kwochi; yo pa rive fè l." oubyen "Pa pale de yon pwojè; ann fè l!"