Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Dan kayiman pa lans

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #956 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Pwason soti nan dlo li di w kayiman malad fòk ou kwè

Yon moun k ap viv menm kote avèw si li di yon bagay sou w ou oblije kwè.

Si krapo di ou kayiman gen malozye, kwè li

Aksepte prèv ki trè kredib.

Ou joure manman kayiman, lè w fin janbe dlo

Ou di yon moun ou pa bezwen l se lè w depase kotew te ka gen bezwen moun nan.

Dan kayiman pa lans

Pa egzajere.

Fòk pa joure manman kayiman toutan ou pa fin pase larivyè

Pa joure manman krokodil la jiskaske ou fin travèse rivyè a. Pa aji twò vit epi pa vante tèt ou anvan ou fin fè yon travay.

Si tòti ki soti anba dlo di ou kayiman gen malozye, kwè li

Aksepte prèv ki trè kredib.

Piga joure manman kayiman toutou ou poke fin janbe larivyè

Pwason sòti nan lanmè; li di ou kayiman malad, se pou ou kwè l

Si li soti dirèkteman nan sous la, kwè li.