Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Dan ri malè

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #966 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Malè pa gen klaksòn

Malè pa janm bay avètisman. Pwoblèm oswa aksidan ka vini san avètisman.

Dan ri malè

Dan ri lè gen danje. Dan ri lè gen malè. "Ayisyen an ri menm lè li ta dwe kriye."

Malè pa ka chanje kon lapli

Malè la pou l rete. Malè pa ale fasil.

Jou malè wanga pa sèvi

Jou malchans lan fetich la pa mache/pa sèvi. Malè pi fò pase maji.

Bèl fanm, bèl malè

Bèl fanm; bèl pwoblèm/malè/malè.

Bèl fanm se bèl malè

Yon moun osinon yon bagay ou wè ki bèl anpil konn anpil fwa yon pyèj.

Malè rann defyan

Malè fè moun pa fè moun konfyans.

Malè avèti pa tiye kokobe

Yon moun ke w avèti anvan w pran desizyon ki gen anpil enpòtans.