Se posib yon moun ki fò ap jwenn yon moun ki pi fò pase l. Pwoblèm sou pwoblèm; apre yon pwoblèm se yon lòt. Toujou gen yon pwoblèm aprè yon lòt. <br>Si w panse w fò oswa gwonèg, w ap jwenn yon moun pifò oswa pi gwonèg pase w.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè w gen pwoblèm ou chache rezoud li ou pa t teni kont de ras li ni de klas moun ki gen pwoblèm nan.
Moun k ap mache lannwit lan, se li menm k ap rankontre ak dyab la. "Se ou menm ki responsab pou mete tèt ou nan pwoblèm." Si w ap mande pwoblèm, w ap jwenn pwoblèm.
Pa rejwi pou pwoblèm mwen yo jodi a, demen w'ap gen pwòp pwoblèm pa ou.
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.
Yon moun ki friapòt k ap chache zafè l ap jwenn ak zo grann li kan menm. “Moun k ap chèche yon bagay ap jwenn li.” OSWA “Si w ap chèche pwoblèm, w ap nan pwoblèm. Moun k ap mache pa janm dòmi grangou.”
Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm/soufrans pòv yo. "Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm pòv la."
Yon moun ki santil twò alèz l ap fè bagay pou l met tèt li nan pwoblèm.
Si ou pa travay, w ap vòlè/fè move zak. ... w ap antre nan pwoblèm. Men parese kreye mechanste.
Chak pwoblèm gen pwop solisyon pa l.
Moustik la pike w nan nen, men ou pa ka frape l twò fò. “Sa a se pwoblèm pèsonèl ou, ou dwe fè fas ak li.”
Yon moun ki pa gen eksperyans ka antre nan anpil pwoblèm.
Sa m wè pou/kont ou, nèg Gine a/voyan an pa wè l. Ou pral nan gwo pwoblèm.
Pwoblèm yon moun se pwofi yon lòt. cf. avoka, doktè
Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou fè grandizè ak manje a.
Sa montre konn gen ti pwoblèm ant moun ki byen anpil . Yo toujou pa antann yo.
Mwen pa t wè lè li fè bagay la :mwen pa bezwen gen pwoblèm pou sa.
Si ou touche l, l ap kòmanse gen pwoblèm.
Yon figi dous ak grasyeu se cham yon fanm ki pa gen pwoblèm.
Kote ki gen pwoblèm, diskisyon, pale anpil gen solisyon la tou.
Pou montre gen nèg ki santil pa alèz ak yon bagay poutan pwoblèm nan pa nan bagay la.
Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lot fok ou pran anpil prekosyon pou sa pa ta fet.
Sa m wè pou/kont ou, nèg Gine a/voyan an pa wè l. Ou pral nan gwo pwoblèm.
Lè yon moun devan yon sitiyasyon ki difisil epi li kwè kanmenm pwoblèm nan ka rezoud menm si li pa wè kote li ap pase.
Se pa tout fi ki ta dwe tonbe damou - gen kèk ki ka mennen nan pwoblèm.
Yon moun ki te gen yon bagay osinon yon pwoblèm pase sa men l jwenn solisyon.