Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “manman”
← Tounen nan lis prensipal la
Fanm pou yon tan; manman pou tout tan

Yon madanm se pou yon tan detèmine/pou yon ti tan; yon manman se pou tout tan/toujou. "Madanm se pou pafwa; Manman se pou tout tan." Madanm pou yon tan, manman pou tout tan. Yon manman se pou tout tan.

Kapon antere manman li

Moun ki fayi pa vle lagè li pa renmen goumen l ap chache antann yo nan sa y ap fè pou yo pa mouri jèn.