Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Fòk pa joure manman kayiman toutan ou pa fin pase larivyè

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1403 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Fòk pa joure manman kayiman toutan ou pa fin pase larivyè

Pa joure manman krokodil la jiskaske ou fin travèse rivyè a. Pa aji twò vit epi pa vante tèt ou anvan ou fin fè yon travay.

Ou joure manman kayiman, lè w fin janbe dlo

Ou di yon moun ou pa bezwen l se lè w depase kotew te ka gen bezwen moun nan.

Gran mèsi chyen, se kout baton

Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.

Piga joure manman kayiman toutou ou poke fin janbe larivyè

Se pa tout gazèt ki joure moun

Fanm ki joure kochon salòp sanble fatra nan kwen kay li

Pa joure manman kayiman tout tan ou pa janbe larivyè a

Pa janm joure manman kayiman nan mitan lanmè