Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Odè manman sèlman, se yon medikaman

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3590 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Yo pa achte moso manman nan mache

Se pou montre enpòtans manman genyen nan yon fanmi.

Fanm pou yon tan, manman se pou tou tan

Montre ni fanm ni manman tout gen enpòtans pa mete youn pi gwo ke lót ~ Ou ka chanje fanm men ou pa kapab chanje manman.

Kay manman se toujou kay manman

Lanmou yon manman se pou tout tan.

Fanm pou yon tan; manman pou tout tan

Yon madanm se pou yon tan detèmine/pou yon ti tan; yon manman se pou tout tan/toujou. "Madanm se pou pafwa; Manman se pou tout tan." Madanm pou yon tan, manman pou tout tan. Yon manman se pou tout tan.

Lè manman lakizin, ou mèt met kouvè

Lè Manman nan kwizin nan, ou ka mete tab la. Moun k ap bay swen an

Bon cheval vann dèyè manman l

Yo vann bon poulen an dèyè manman l. "Poulen an gen manman l la pou pwouve ke li merite yon pri pa l - prèv kwaze."

Odè manman sèlman, se yon medikaman

Pa gen anyen ki tankou prezans yon manman.

Lè ou pa gen manman, ou tete grann

Lè ou pa gen manman, ou pran swen grann. Siviv, debouye w.