Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Di m kisa ou renmen, m ap di w ki moun ou ye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1117 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Di m kisa ou renmen, m ap di w ki moun ou ye

Menm wòch kouran pote, kisa n a di pou pay

Bèf pou wa, savann pou wa. Ki mele m!?

Alò, kisa sa fè m' fache. Se menm bagay la.

Anvan ou monte bwa gade pou wè si w ka desann

Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.

Menm boulèt, dlo trennen yo; kalbas vid, sa ou kwè ou te ye?

Dlo pote menm boul kanon ale; kalabas vid, kisa ou panse ou ye?

Si bèf kaka nan savann, nanpwen anyen pou sa

Ebyen, kisa!

Gran kay pran dife, ki dire lakoujin

Lè yon gwo kay pran dife, kisa nou ka espere pou kwizin ki gen twati pay la? Si moun ki gen pouvwa oswa ki byen pwoteje yo soufri, moun ki mwens pwoteje yo an plis danje toujou.

Bèf pou wa, savann pou wa; si bèf sal savann, nanpwen rapwòch

Bèf la se pou wa a, jaden an se pou wa a; si bèf la sal jaden an, kisa pou l fè!