Creole101 Logo

✍ Powèm

Ala bèl ou bèl!

Salomon

👁 266124 gade Bote
Ala bèl ou bèl, anmourez mwen!
Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a!
Je ou yo ou ta di de ti pijon.
Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit
k'ap kouri desann sou mòn Galarad.
Dan ou yo blan tankou mouton
yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo.
Ou pa manke yonn ladan yo.
Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.
Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj.
Se bèl plezi pou tande w'ap pale!
De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.
Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la,
kote yo kenbe depo zam yo.
Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.
Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl,
tankou de ti gazèl menm fòs,
menm pòte k'ap manje nan jaden flè.
M'ap rete sou mòn mant lan,
sou ti bit lansan an jouk bajou kase,
jouk solèy leve.
Ou pa manke bèl, anmourez mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
-- Bib la, Chan Salomon 4: 1-7
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Si l te avèti m

✍ Cathie La Poetesse

Jewova

✍ Magdala

Jewova, Dye lwayal

✍ louis

Rekonfò pou sivivan tranbleman tè

✍ Louis

Kòmantè Facebook