Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “janm”
← Tounen nan lis prensipal la
Ravèt pa janm gen rezon devan poul

Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .

Abitan pa janm konnen

Moun peyi pa janm konnen anyen. "Moun peyi Ayisyen yo toujou di yo pa konnen, menm lè yo konnen." Peyizan yo fè tankou yo pa janm konnen.

Chik pa janm respekte pye gwo mouche

var: Chik pa respekte mèt bitasyon.<br />exe: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.

Mache chèche pa janm dòmi san soupe

Yon moun ki friapòt k ap chache zafè l ap jwenn ak zo grann li kan menm. “Moun k ap chèche yon bagay ap jwenn li.” OSWA “Si w ap chèche pwoblèm, w ap nan pwoblèm. Moun k ap mache pa janm dòmi grangou.”