Lè yo pa jwenn chyen, yo pran chat pou al lachas
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Se lè boutèy la plen, bouchon an jwenn/ resevwa /goute likid la. Se sèlman lè moun rich ak moun ki gen pouvwa yo jwenn tout sa yo vle, pòv yo jwenn yon ti kras tou.
Fòk ou pa parese pou ou ka travèse wout difisil sa se posib pou jwenn rezilta fwi travay ou.
Yon moun k ap ede yon lot epi li jwenn move rezilta sètadi moun l ap ede a leve kont li.
Menm si ou fò, ou ap jwenn moun ki pou ou a.
Yon moun ki gen mwayen epi ki gen posibilite pou l ta reyalize yon pwojè men li pa jwenn yon moun ki ta vle edel'poul fè sal bezwen an.
Si kafou a pa bay moun pase, simityè a p ap jwenn kadav la. Si pwòp moun pa w yo pa trayi w, moun deyò p ap ka rive jwenn ou. Trafik la danjere nan kafou yo - si ou rive pase la, ou p ap gen danje. Kafou = Legba; Cimitye = Bawon Samdi .
Se lè w komanse fè yon bagay ou ka jwenn benefis osinon rekonpans pou sa w dwe fè a.
Ou dwe fouye nan san an pou jwenn dife. Ou bezwen fè efò pou dekouvri verite a oswa bagay ki gen valè.