Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “pran”
← Tounen nan lis prensipal la
Nen pran kou; je kouri dlo

Nen an pran kou a; je a ap koule dlo. “Nen an blese; je a kriye.” Yon moun soufri lè l ap fè fas ak soufrans yon lòt.

Kabrit la pran fèy

Kabrit la ap pran/lonje kò l pou l chache fèy. "Bagay yo ap mache pi byen pou li."

Pye kout pran devan

Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.

Lè malfini vòltije, si li pa jwenn plim li pran pay

var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.<br />exe: Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. &apos;Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay&apos;. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li.&quot; &quot;

Gran kay pran dife, ki dire lakoujin

Lè yon gwo kay pran dife, kisa nou ka espere pou kwizin ki gen twati pay la? Si moun ki gen pouvwa oswa ki byen pwoteje yo soufri, moun ki mwens pwoteje yo an plis danje toujou.