Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “poul”
← Tounen nan lis prensipal la
Ravèt pa janm gen rezon devan poul

Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .

Kote y ap plimen kòdenn, poul pa ri

Kèlkeswa kote y ap rache plim kodenn lan, poul la pa ta dwe ri. -Sa k rive gran an ka rive piti a tou. Pa janm pran plezi nan pwoblèm yon lòt moun - li ka rive ou tou.