Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Plimen poul la, men pa kite l rele

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4193 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Kote y ap plimen kodenn, poul pa ri

Nan zòn kote gran nèg ap regle bagay li yon ti malere pa dwe foure kò li.

Kòk plimen pa bat

Yon moun ki san anyen pa vle pa kapab fè anyen ki depasel.

Plimen poul la pa kite l rele

Lè yon moun ap eksplwate yon lòt se pa kitel wè sa ni pale sa ki va pote dezolasyon ak tèt chaje.

Plimen poul la, men pa kite l rele

Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.

Kote y ap plimen kòdenn, poul pa ri

Kèlkeswa kote y ap rache plim kodenn lan, poul la pa ta dwe ri. -Sa k rive gran an ka rive piti a tou. Pa janm pran plezi nan pwoblèm yon lòt moun - li ka rive ou tou.

Lè w plimen pou l la depase, ou pèdi ni janm ni kouto

Yon moun k ap bat pou l kraze yon moun se posib li ka pèdi ni moun nan ni sal ap espwate nan moun nan.

Lè ou ap plimen poul, kòdenn pa ri