Bondye se pa bonbon
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bondye bon, men li pa bon tankou yon moso sirèt.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Agaou di: si Bondye vle. Bondye gen tout pouvwa, menm pou lespri Vodou yo. JB Romain
Se Bondye sèlman ki ka Bondye vre. “Pèsonn pa ka Bondye apa de Bondye.”
Yon moun gen dwa gen anpil pwojè nan tèt li si Bondye pa vle nanpwen yonn ladan yo ki ka reyalize.
ent: Nèg fè plan, Bondye pran desizyon.
Sa lèzòm di pa nesesèman sa Bondye òdone.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Moun pale san fè; Bondye fè san pale. Lè tout fin di ak fèt, gen plis ki di pase ki fèt.
Bondye ri lè gen diskisyon ki pa itil.