Lavi
Yon kado gratis
Ki chaje ak anpil sakrifis
Ladan l tou w jwenn bon benefis.
Li mande pou w chache gen konesans
Pou w pa fè bagay san sans
K ap koute w gwo konsekans.
Chak jou w leve lavi souri,
Sa vle di lespwa w pap peri
Egzakteman jan w wè Bib la di.
Men poukisa w pran tan
Pou w ap veye lezot, antretan
Mwen deja di w ke, lavi se yon lekòl li ye
Nenpòt moun ou ye, se la pou w ale.
Pou byen di w la vi nou reprezante
Batiman sou lanmè,
Pwoblèm yo reprezante
Vag lanmè
Sa vle di lè w wè vag lanmè ap frape
Batiman yon lòt, pinga w ri tande
Paske vag lanmè pa konn frape on sèl bò
Ret trankil se remèd kò poze, poze.
(02-04-2004)
Yon kado gratis
Ki chaje ak anpil sakrifis
Ladan l tou w jwenn bon benefis.
Li mande pou w chache gen konesans
Pou w pa fè bagay san sans
K ap koute w gwo konsekans.
Chak jou w leve lavi souri,
Sa vle di lespwa w pap peri
Egzakteman jan w wè Bib la di.
Men poukisa w pran tan
Pou w ap veye lezot, antretan
Mwen deja di w ke, lavi se yon lekòl li ye
Nenpòt moun ou ye, se la pou w ale.
Pou byen di w la vi nou reprezante
Batiman sou lanmè,
Pwoblèm yo reprezante
Vag lanmè
Sa vle di lè w wè vag lanmè ap frape
Batiman yon lòt, pinga w ri tande
Paske vag lanmè pa konn frape on sèl bò
Ret trankil se remèd kò poze, poze.
(02-04-2004)