Creole101 Logo

✍ Powèm

Nan zòn lakay

Magalie Jn-Baptiste (Wanga Nègès)

👁 142775 gade Pasyon
Nan zòn lakay
Te gen yon ti rèn

Li te bèl,
Li pa t pran tèk, nèg yo te rele l

chelèn
yo ba l may

jouk li kite ray
li pèdi lanmou pou ti kay

kounye a se chanmòt
gwo nèg ki gen kòt

se gason cheve siwo
ki pa ransè
ki pale fransè

ki chèlbè kou ze zwa
nèg ak moto, oto

pou l sòti leswa
pou li ka fè ti bo

Fanm lan di li pa vle jòkma
Pou lavi l pa koule ak ma.
🎭Powèm ki gen menm tèm

Chwazi yon tèm pou dekouvri seleksyon powèm an kreyòl sou lanmou, lespwa, lafwa, lavi chak jou ak plis ankò.

Kiyès ou ye?

✍ Pitt

Kòmantè Facebook