Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Lis pwovèb kreyòl ki kòmanse ak lèt “W”
← Tounen nan lis prensipal la
Wè pa wè, lantèman pou katrè

Wè oswa pa wè, antèman an se pou katrè. "Kèlkeswa sa k rive! Antèman a katrè apremidi. " Kit ou konnen l kit ou pa konnen, antèman an fikse pou 4è apremidi. Kèlkeswa sa nou fè, nou pa ka evite sò nou/chanje destine nou. Sò nou sele epi l ap tann nou.

Wòch nan dlo pa konnen doulè wòch nan solèy

Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .

Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch nan solèy