Wi pa monte pyebwa
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Lajan fè yon nèg monte/grenpe sou yon poto drapo grese . "Lajan ka fè yon nonm fè sa li pa t ap ka fè òdinèman."
W'ap fè m' monte nan syèl la bak. "W'ap ban m' pwoblèm."
Gen de bagay ki pa reprezantab nan la sosyete lè w bezwen pou seviw se enposib pou sèvi ak li.
Nèg sòt la monte chwal li a bak. "Li konnen sa l ap fè."
W'ap pase sou wout ou monte, ou pa wè m'; lè w'ap pase sou wout ou desann, w'ap wè m'. "Kounye a ou byen, ou pa pran swen m'; lè bagay yo vin pi mal, w'ap wè m'."
Yon moun kab rantre yon kote nenpòt fason ki gen yon ti jan san konsyans pou l ta aranjel avan l fè sa.
Se pa chak jou ou gen chans monte Bouki .
Lè w konnen ou pral nan yon sityasyon ki ap gen danje li ta pi bon pou chache yon bagay ki pou soutni w.