Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “kout”
← Tounen nan lis prensipal la
Gran mèsi chyen, se kout baton

Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.

Pye kout pran devan

Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.

Gremesi chyen se kout baton

Remèsye yon chen se tankou yon kou baton nan dèyè tèt li. Moun ki fèb/enb/moun ki maltrete kèlkeswa sa yo fè.

Gremesi zoranj se kout gòl

Remèsye zoranj lan se tankou yon kou baton. "Yo p ap fè anyen lòt pou yon zoranj apa de mete l desann ak yon baton."