Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou pa dwe kwè w byen asire anyen mal pa kapab rivew.gen kèk bagay je pa ba w ni konesans ou.
Lè yon moun lwen ou e ke li difisil pou reyalize pwojè nou te genyen yo.
Lwen je, lwen lespri. Nou sèlman bay bon swen ak moun ak bagay nou reyèlman wè chak jou.
Tank yon bagay lwen je, se tank li jwenn mwens swen.
Yon moun ki pa eklere pa ka kondwi yon moun ki eklere.
Jako mòn lan pa kondui/dirije jako vil la.
Yon moun ki pa ka ale nan yon aktivite li voye yon bagay li genyen pou sèvi lòt moun ki prale yo.
Perou a pa al nan lagè, men plim li yo ale.
Yon moun ki twò vye epi yo panse l pa kapab aprann.
Jan yon moun pale ak jan l mache se pa konsa l aji lè l ap pran yon desizyon sevè.
par: Pwonmennen chache pa janm dòmi san soupe.
Se w ki pou bay pitit ou valè devan sosyete a nan jan ou sèvi ak li.
Jan ou bat tanbou a, se konsa nou danse. "Nou ba ou repons ou te mande a."
Ou ranje kabann ou, epi ou kouche ladan l.
Ou pale yon jan epi ou aji yon lòt jan.
Jan ou ranje kabann ou an, se konsa ou dòmi. Ou ranje kabann ou epi ou kouche ladan l.
Jan ou vini an, se konsa y'ap resevwa ou. Jan ou aji a, se konsa y'ap trete ou.
Fason santipèd la mache a se pa fason li kenbe ravèt.