Jaden lwen, gonbo di
Haitian Creole Proverbs
Over 6,000 Haitian Creole proverbs with explanations and translations in 4 languages. Each visit highlights the most popular sayings along with fresh ones to explore.
Lwen je, lwen lespri. Nou sèlman bay bon swen ak moun ak bagay nou reyèlman wè chak jou.
Other Haitian Creole proverbs similar to the one above.
Manje/grenn ou pa renmen manje a, se sa ki pouse nan jaden ou. "Sa ou pa ka sipòte wè a se sa k ap pase lakay ou."
Tank yon bagay lwen je, se tank li jwenn mwens swen.
Ou pa dwe kwè w byen asire anyen mal pa kapab rivew.gen kèk bagay je pa ba w ni konesans ou.
Lwen je, lwen lespri. Nou sèlman bay bon swen ak moun ak bagay nou reyèlman wè chak jou.
Lè yon moun lwen ou e ke li difisil pou reyalize pwojè nou te genyen yo.
Sa montre Bondye renmen tout moun. san distenksyon.
Move zèb ou pa vle nan jaden ou an, se li k ap pouse lakay ou.
Fèmen pòt etab la apre yo fin vòlè bèf la.