Jan ou pale, se pa jan ou fè
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou pale yon jan epi ou aji yon lòt jan.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
“Pale franse” pa bay/voye yon moun nan mache a. “Sispann pale, al travay.” oubyen “Pale franse pa peye.”
Pale franse ou a pa fè m pè. Pale byen bèl pa vle di gen bon konprann.
Pale franse pa di lespri. ent: Se pa paske yon moun konn pale franse pou pran l pou moun lespri.
Moun ki pale anpil pa fè anpil bagay. Pale anpil, fè ti kras.
Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.
Mwen santi sa w fè a men se palem pap pale.
Pa meprize pòv yo ki vle pale avè w; chak fwa ou aprann yon bagay ki gen valè nan bouch yo. Sajès ka soti nan kote ou pa t atann.
Bouch la di sa je yo wè. Yon moun sèlman rakonte sa li wè bò kote l. Tout bagay baze sou eksperyans pèsonèl.