Jan ou bat tanbou a, se konsa nou danse
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Jan ou bat tanbou a, se konsa nou danse. "Nou ba ou repons ou te mande a."
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Tanbou a fouye nan bwa a; se lakay li li vin/yo bat li/yo jwe li. "Nenpòt bagay ka rete sekrè pou yon tan; l ap devwale yon lòt lè."
var: Apre dans, tanbou lou
Yon tanbou byen kouvri pa gen kwen.
Sa pran moun entelijan pou fè yon tanbou. Nenpòt moun sòt ka fè bri.
men se devan pòt li bat ~ Gen kèk pwoje ki fèt ankachèt men lè l fin fèt nèt tout moun konnenl.
Tanbou a ap kanpe, dansè a rete. "Ou dwe swiv moun k ap montre w chemen an; lè l kanpe, ou kanpe tou."
Ou bat tanbou a epi ou danse ankò pou tèt ou. Pafwa youn fè yon bagay, epi yon lòt ankò.
Yon moun k ap fè yon bagay men sa l ap fè a pa enteresel l ap mande yon moun pou aplikel.