Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “plis”
← Tounen nan lis prensipal la
Tout pi wo pran pi gwo so

Yon moun ki gen gwo responsabilite pou l depanse plis li fè plis efò pou l ka viv ak plis Byen akoz gwo chay sa yo ki dol.

Se anba tè ou jwenn min

Pawòl sa se ankouraje moun k ap travay di epi li konseye sila yo ki pa vle travay plis w ap travay plis ou ka vin rich.

Mezi lajan ou, mezi wanga ou

Mezi lajan w, mezi/fòs fetich ou a. "Ou jwenn sa ou peye pou." oubyen "Plis lajan an, se plis seremoni anboche a ap dire pi lontan."

Bèl najè, bèl neyè

Gran najè, gran moun k ap nwaye . Plis yon najè konn byen naje, se plis chans li genyen pou l nwaye.

Vòlè pa vle kamarad li pote makout

Pa gen onè nan mitan vòlè. Moun pèsonn pa ka fè konfyans, li sèten li p ap fè pèsonn konfyans. Plis gen mwens vòlè, se plis gen pou chak vòlè.