Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Plis yon nonm gen byen, plis li vle

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4202 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Tout pi wo pran pi gwo so

Yon moun ki gen gwo responsabilite pou l depanse plis li fè plis efò pou l ka viv ak plis Byen akoz gwo chay sa yo ki dol.

Fanm se kajou; plis li vye, plis li bon

Fanm se akajou: plis li granmoun, se plis li bon. Fanm tankou bon diven: plis li granmoun, se pi bon.

Plis pawòl pwòl pwonmennen, plis li vin pi bèl

Plis pawòl la gaye, se plis li vin bèl, egzajere.

Plis bourik la ka pote plis yo chajel

Lè gen posibilite pou fè yon moun travay epi w kontinye fè l travay toujou tout o tan li kapab.

Genyen kèkfwa plis kouraj pou rekile pase pou vanse

Pafwa li mande plis kouraj pou fè bak pase pou avanse. Sajès souvan enplike konnen ki lè pou fè bak.

Pi gwo pi gra

Plis pozisyon an gwo, se plis salè a gwo.

Bwa pi wo di li wè, men grenn pwomennen di li wè plis pase l

Branch/pyebwa ki pi wo a di li wè, grenn/grenn ki pèdi a wè plis pase li.

Matla te di plis pase sa a, epi li kite payas monte l

Matla a te di plis pase sa, epi li te kite matla pay la monte/pran avantaj sou li. "Moun, pi bon pase ou, te oblije aksepte sa yo pa renmen."