Agaou di: si Bondye vle. Bondye gen tout pouvwa, menm pou lespri Vodou yo. JB Romain
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se Bondye sèlman ki ka Bondye vre. “Pèsonn pa ka Bondye apa de Bondye.”
Yon moun gen dwa gen anpil pwojè nan tèt li si Bondye pa vle nanpwen yonn ladan yo ki ka reyalize.
ent: Nèg fè plan, Bondye pran desizyon.
Sa lèzòm di pa nesesèman sa Bondye òdone.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Moun pale san fè; Bondye fè san pale. Lè tout fin di ak fèt, gen plis ki di pase ki fèt.
Bondye ri lè gen diskisyon ki pa itil.
Yon moun ki kwè nan patisipasyon pa l lè Bondye ap fè pou li.
Bondye bon, men li pa bon tankou yon moso sirèt.
Yon moun ki panse jijman Bondye twò long epi k ap chaje jistis nan men lèzòm.
Lè yon moun ap fè frekan li ka fè w kèk bagay ki mal osinon li pansew pap janm anyen se lè sa w di pawòl sa.
Senyè a ri lè moun ap chache kont ki pa vo anyen.
Ipokrit yo gen menm tanperaman ak bon moun.
Bondye pa janm bliye anyen yon moun te fè pandan l ap viv sou tè a.
Lè yon moun fè l yon bagay li prèt pou l vanje.
Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Lè yon moun kwè ke Bondye ka fè kichoy pou li lè l pa gen anyen ditou pa gen mwayen pou fonksyone.
Plan Bondye a: dousman men sèten.
Se Bondye ki voye ou, li peye depans ou yo. Senyè a ap pran swen ou.
Bondye toupisan e li konnen tout bagay.
Menm Bondye gen yon madichon sou li, E yon pòv chen tankou mwen?
Jijman Bondye a ap vini/mache/deplase sou yon bourik. “Ou mèt sèten, jijman Bondye a ap vini, menm si l ap vini an ralanti.”
Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm/soufrans pòv yo. "Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm pòv la."
Lè yon moun gen gwo lwa pou pwotejel epi yon lòt ap di pou l pa met tout konfyans li nan lwa.
Epi pa nesesèman espere jwenn rekonpans sou tè a.
Sa Bondye vle a se san repiyans.
Se Bondye ki bay timoun.
Maji se pa Bondye.
Yon ti kras nan Bondye, yon ti kras nan lespri yo. “Jwenn èd ni nan men Bondye ni nan men lespri yo.”