Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Bondye ki Bondye gen madichon, kidira pou mwen menm ki chyen!

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #500 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Agawou di: "Si Bondye vle"

Agaou di: si Bondye vle. Bondye gen tout pouvwa, menm pou lespri Vodou yo. JB Romain

Se Bondye ki pou ta Bondye, vre

Se Bondye sèlman ki ka Bondye vre. “Pèsonn pa ka Bondye apa de Bondye.”

Nan fè lide, Bondye bay dwa

Yon moun gen dwa gen anpil pwojè nan tèt li si Bondye pa vle nanpwen yonn ladan yo ki ka reyalize.

Nèg di san fè, Bondye fè san di

ent: Nèg fè plan, Bondye pran desizyon.

Sa nèg di, se pa sa Bondye di

Sa lèzòm di pa nesesèman sa Bondye òdone.

Krèyon Bondye pa gen efas

Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.

Nèg di san fè; Bondye fè san di

Moun pale san fè; Bondye fè san pale. Lè tout fin di ak fèt, gen plis ki di pase ki fèt.

Kou pou kou, Bondye ri

Bondye ri lè gen diskisyon ki pa itil.