Tounsòl la vire ak solèy la, men li pa yon giwot .
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
Pou esplike gen moun ki pi siperyè pase lòt ki pi kapab ki pi entèlijan.
Pòtay ou pa renmen/rayi pase a - se la solèy la kouche sou ou pou fòse ou pase kanmenm. "Ou pase nan pòtay sa a lajounen san pwoblèm. Lannwit, ou pa vle pase ladan l poutèt zonbi ki la a." oubyen "Laplipa tan, sa ou pa renmen an ap rive ou."
Kay ki gen dlo ka twonpe solèy la, men li pa ka twonpe lapli a. Pa achte yon kay nan yon jou solèy. Ou ka twonpe kèk moun pafwa, men ou pa ka twonpe tout moun tout tan. Aparans ka twonpe.
Yo pa adore anyen lòt ke solèy k ap leve a.
Moun afè bon pa konn soufrans moun k ap manje mizè.
Lawouze a di li se yon gwo bagay; se tout tan sa a/osi lontan ke solèy la poko leve.
Ou dwe gen pasyans pou leve solèy mouri a. Pasyans esansyèl nan tout efò.
Tout moun gen yon chans. Solèy la klere ni sou rich ni sou pòv.
Lawouze a fè ponp lan tout tan/tan solèy la poko leve/vin cho.
Yon bagay ki te fin fè ki gate mande moun ki te fè l la .pandan l ap refèl fòk li gen pasyans.
Sa montre Bondye renmen tout moun. san distenksyon.
Moun ki mete sèl nan solèy la, se li menm k ap veye lapli. "Ou gen tò; se sèlman paske ou fou!"
Tout bagay gen yon fen.
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Nou pa apresye benediksyon nou yo jiskaske nou pèdi yo.
Labou glise, men solèy la seche l.
Lè yon moun gen anpil moun k ap pran swen l osinon yon bagay gen anpil moun k ap dirijel li fè l soufri plis.
paske ou pa ka wè yo