Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “paske”
← Tounen nan lis prensipal la
Vye nèg pa vye chyen

Yon moun ou ka bezwen fòk ou pa meprize l fok ou pa voyel jete byen lwen paske yon joul ka sevi.

Zanmi prè se kouto de bò

Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.

Chemen kabrit pa chemen bèf

Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.

Fè zanmi ak kouto avan zabriko mi

Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."

Pito dlo yanm grate ou, pase ou nan mizè

Li pi bon pou dlo rense ignname a ba ou gratèl, pase pou ou nan povrete. "Li pa dous pou ou pòv." REMAK: Igname a se yon legim rasin ki gen lanmidon, tankou pòmdetè. Youn nan varyete yo dwe byen rense paske li bay "gratèl".