Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ak po kò w ou vini ak po kò w ou prale

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #58 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Abitan pa mize lavil

Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.

Abitid se vis

Li difisil pou w kite yon move abitid.

Abouti touye kong damaza pa kapab level

Yon moun ki gen gwo pouvwa sal fè pa gen moun ki ka kontraryel.

Achte peye prete remèt se sa k fè yon lizaj

Pou montre ki jan yon moun ka moun nèt al kole lè l ap viv nan sosyete.

Adefo chyen, kabrit al lachas

Poutèt pa gen chen, kabrit al lachas avèk ou.

Adefo poul, nan mori

Lè pa gen poul, yon moun degaje l ak moru. Yon moun degaje l ak sa l genyen.

Afè kay moun se mistè

Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.

Afè nèg pa janm piti, se janm kanson yo ki etwat

Pwòp biznis yon moun toujou gen yon enpòtans kapital pou li.