Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

🧩 Pa tèm: 5
← Tèm pwovèb

Nan tèm sa a: 5

Bourik travay, cheval galonnen

Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: &apos;Bourik travay, cheval garyonnen.&apos; &quot;.

Se pa jan chat mache li kenbe rat

var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!

Bourik chaje pa kanpe

Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.

Chyen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè

var: a) chyen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. &apos;chyen kat pat, se yon sèl chemen li fè.&apos; c) chyen kat pat mache nan yon sèl chemen.