A fòs ou frekante chyen ou kapab trape pis
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
W a sibi konsekans move frekantasyon w fè.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Di m ki moun ou te konn frekante; m ap di w ki moun ou ye.
W a sibi konsekans move frekantasyon w fè.
Yon po tè pa ka goumen ak yon po fè. Frekante sèlman moun ki menm nivo avè w. Konnen tèt ou. Pa pran yon moun ki pi gran pase w.
Se sèlman moun ki gen menm nivo avè w ki pou ou frekante.
Lajan ap chache lajan. Moun rich yo frekante moun rich yo.