Anpil pale vid pa vle di refleksyon.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè w te pouvwa ou pa t kapab fè anyen, se pa lè w pèdi l ou ap di sa k dwe fèt oswa sa w ka fè.
Yon moun ki pa panse a demen ki prèt pou plen djakout li epi ki panse l pa janm bezwen moun ankò.
Ou panse mwen se yon poul mare sou tèt yon chay, se sa mwen ye. “Ou panse mwen pa gen pèsonn pou veye m! W'ap twonpe tèt ou!”
Lè w ap panse sou kouri, panse tou ak fatige.
Lè w ap kritike yon moun sou sal ta dwe fè fòk ou panse sou mwayen ak mezi bagay la.
Yon moun ou egzote pou l ka panse ak bagay ki gen pou vini yo.
Si ou te tande ti moun ap pale, ou ta panse yo se jeyan.
Lè yon moun piti ou panse l pa ka travay gran epi moun nan ta vle pou kwè sa.
Li pa osi move jan ou panse a.
Yon moun k ap fè l yon kado epi li panse kado sa twò piti si l ta vle bay li kanmenm li itilize pawòl sa.
se tranble janm lan ki rèd ~ Yon moun ki wè yon lòt fè yon bagay epi li panse li ka fè l tou poutan se pa vre.
Yon moun ki twò vye epi yo panse l pa kapab aprann.
Krapo a fache; li mouri san dèyè li. “Ou panse pòsyon pa w la te twò piti; ou ka rete san anyen!”
Yon lapli pote menm yon boul kanon ale; kalbas vid, ki moun ou panse ou ye?
Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.
“Lè ou konnen twòp, sa fè ou abandone/pa fè rès la ankò.” “Si ou konnen twòp, ou ap dekouvri ke gen yon bagay ou pa konnen.” OSWA “Ou panse ou konnen; gen yon moun ki konnen pi plis pase ou.”
Yon moun ki panse jijman Bondye twò long epi k ap chaje jistis nan men lèzòm.
Lavi a gen revè pa panse tout bagay prale byen nèt.
Dlo pote menm boul kanon ale; kalabas vid, kisa ou panse ou ye?
Jis lè li te panse tout bagay t ap mache byen...
Se yon kiyè an bwa mwen ye; mwen pa pè chalè. “Pa panse mwen pral pran yon bagay!”
Krapo a fache; li mouri san dèyè li. “Ou panse pòsyon pa w la te twò piti; ou ka rete san anyen!”
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Yon moun ki aji brit sou kou k ap fè move bagay san ou pa panse sa.
Se lè w fin fè tout sa w gen bezwen se lè sa w ap va panse ak erè ak sa ki pa ta dwe fèt.
Gwo lide; ti memwa! "Ou panse ou entelijan; ou byen sòt!"
Lè ou pran swen timoun, yo panse yo enpòtan.