Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki gen yon administrasyon enpòtan ou osinon ki gen pitit pa dwe fè move bagay.
Bèf ki monte larivyè a bwè dlo ki pi pwòp.
Lè yon moun jwenn pi gwo avantaj pase moun ki te la avan l lan.
Yon moun k ap fè pwojè pou desann lòt la poutan sa l ap fè a ap detwi pwòp vi pa l.
Bèf la/towo a di l ap sal patiraj la; se dèyè l l ap sal la.
Bèf la/towo bèf la di li pral sal patiraj la; se jis ke l li sal.
Ata bèf la pran yon poz.
Se moun ki viv yon bagayla se li k ap esplikew sa bagay gen ladann.
Hall 1953 ekri bèf ki gen ke pa janbe diferans .
Yon moun pa dwe vante tèt li menm lè l konnen li pa kapab.
Bèf la tonbe mal; kale l mal/nan yon pozisyon ki pa konfòtab. "Jan bèf la tonbe a, se konsa yo kale l."
Bèf la manje kann, kabrit la ap soufri.
Bèf la manje korosòl la, pa pou plen vant li men pou bouch li dous.
Bèf mare nan poto a pa pè yo touye l. Li pa nesesèman pral touye l.
Bèf la pa di/di jaden an mèsi.
Bèf la pa janm di patiraj la li pa bezwen l. Nou tout panse yo bezwen nou.
Yon moun engra toujou bliye sa yon moun fè pou li.